AYITI-M SONJE-A
Ayiti-m sonje-a, li pat yon lanfè
Epòk vakans, sete gwo zafè
Ti nèg leve gran-m ti maten
Kraze yon bèl tas kafe ak pen
Chans pou mwen, mwen pat trò devèn
A uitè, papa-m pral nan Kazèn
Reyini tout ti zanmi, nou pral penpennin
Mwen pat trò dezòd, men se vakans, fò-m mennen
Ma-p fè lè, a setè, nou pral kraze yon dejene
Kabrit toujou di saki nan vant, se li ki konte
Depi sinkè di maten, gran-n ale a andeyò
L-ale chèche bèl banan-n matenten ak bèl manyòk
Manman-m ale nan mache, li al achte you fwa di
Tout timoun ap chofe solèy, nou pè fredi
Nap fè plan sa-n pwal fè lè vant nou fi-n plen
Lè-n fini teke mab, na kraze yon domino amerikin
Nou fè yon koudèy, nou wè bòn nan ki ap pire yon chadèk
M-woule vant mwen, mwen santi-m pwal kòrèk
Tout timoun pete kouri chache kiyè
Paske manje a pare, fòk nou al lapriè
Lè-m di-ou sa-a, nèg mange vant deboutonen
Mande-m konbyen-l koute, mwen pa konnen!
Gran mou-n toujou ap di jan lavi-a di
Pou mwen men-m, ayiti sete yon paradi
Manman-m te toujou renmen tande radio limyè
m-eseye vire-l sou nasyonal, napwen manyè
lè-l fè nevè, se lè pou l-al achte danre
depi chat la pa la, se lè pou rat la banboche
Trace yon ron-n, pilat, tou nèg al opa
bel kout mab ap tombe, nou pa-p fè yon pa
sèlman timal, piga-w fè koken non papa
nou ap jwe tout ti vis, fò-w obeyi lalwa
pandan setan, kay vwazin, gen yon boul kap mare
lòtbò lari-a men-m, tout ekip gentan pare
kapitèn fin chwazi jwè yo, foutbòl pral mare
fèy zotèy gentan ap vole, mwenmenm m-ap teke
lè-l fe onzè, solèy la gentan cho
se le pou ti neg plonge nan dlo
nan pas bò lakay, te gen yon bel basen
ti nèg benyen jouk yo wè lafimen
lè-n tounen lakay, diri kole ak pwa poko prèt pou toufe
gran-n pote kan-n anana ak mango pou nou mange
anba pye zanman-n nan gen yon bèl lonbraj
nou pra-l kraze yon domino ameriken, nou pral fè domaj
OK mesye, brase domino-a, tout chyen kanpe
chyen an a leve lè janjan jwen-n yon asosye
pas vensenk pwen, kare cinkant
ba joslin kòb la pou-l al achte mant
Ti sè-m nan anba galeri-a ap jwe woslè
Do, Kre, i, ès, tout tèt anlè
Soley la cho, Lè-m di-w chalè!
Jwèt woslè sa-a pwal fè kont talè
Vwazin an gen yon vye radio peoni
Avèk yon gren opalè ladan li
Men lè-w mete-l sou metropòl
Li krake depi se fèy tòl
Ti janne men-m am fe tablet pistash
Anba yon colonbye kouvri an tash
Man pyè menm ap fè bonbon siro
Pitit li jonas panse li se sèl toro
Rene men-m pi ba-a ap plede di betiz
Tout lajounen, lap plede joure vwazi-n liz
Wi, andan hinche, lavi-a te bèl
Lè-m di-w sa-a, se wè pou-w ta wè-l
Lè-w tande nou janbe gwayamouk al labèg
Vye peyi ras papa-m, solèy la fè-w avèg
Si-m ta ba ou blag mwen tande labèg
Se pa de ri ou ta ri ti nèg
Ayayay, m-songe vye peyi-m ayiti
Yo di-m ti peyi-m nan fi-n depafini
Pa pito-m retounin, petèt nan redi
m-a fè ayiti cheri retounen yon paradi
tè dayiti-m sonje-a, tè beni
tè dayiti-m sonje-a, tè joli
Petèt si nou pran swen-l, na reyisi
Pou tè dayiti retounen yon paradi
Copyright © 1999, Woodring Saint Preux
Please post your comments at the Poet's lounge
[This message has been edited by Woodring Saint Preux (edited 09-06-2000).]